Vizyon an

Bay yon aksè ki fasil ak gratis a fòmasyon biblik

pou nenpòt moun ki vle,

nenpòt kote nan mond lan,

nenpòt jou, nenpòt lè

San eksèpsyon, san distenksyon.

 Bay yon aksè ki fasil ak gratis a fòmasyon evanjelik:

Sa vle di vizyon PEEB se rann aksè a fòmasyon akademik sou evanjelizasyon vin fasil ak gratis. Tout moun bezwen genyen yon fòmasyon solid sou tout bagay ki konsène volonte Bondye, men se pa tout moun ki genyen lajan ase pou peye pou sa. PEEB rete konvenk ke chans pou yon moun jwenn yon bon fòmasyon akademik sou bib la pa ta dwe depann de sitiyasyon ekonimik moun sa. Bondye se wa epi tout moun k’ap sèvi Bondye se prens ak prensès. Kidonk, PEEB vle gwo bagay ak bèl bagay pou ou tou, menmsi ou pa t’a genyen lajan.

Pou nenpòt moun ki vle:

Sa vle di PEEB pa gen entasyon fòse okenn moun oubyen enstitisyon pou yo vin benefisye travay nou ap fè yo. Nan menm sans sa tou, li pa gen entansyon nonplis pou mete baryè pou anpeche okenn moun oubyen enstitisyon ki vle vin benefisye yo. Sa rete a chak moun oubyen enstitisyon pou yo jije yo menm ak deside si yo vle mele nan travay PEEB ap reyalize yo ou pa. An rezime, si ou santi PEEB se zafè pa ou, ou mèt gen asirans ke pòt la gran louvwi pou ou!

Nenpòt kote nan mond lan:

PEEB se yon òganizasyon entènasyonal. Administrasyon an vle tout prodwi PEEB yo disponib nan tout lang moun pale yon fason pou tout moun ki egziste konprann bòn nouvèl Jezi-Kris la. Sa vle di ke vizyon PEEB a pa limite a frontyè okenn peyi.

Nenpòt jou, nenpòt lè:

Yonn nan rezon ki fè sit entènet la jwe yon gwo wòl nan vizyon PEEB a se paske entènèt disponib tout jou ak tout kote. Jeneralman, lè yon Kretyen konn bezwen enfòmasyon sou yon sijè oubyen yon tèm, li konn bezwen planifye anpil jou an avans pou li rive chita pale avèk yon pastè oubyen yon moun ki gen konpetans nan domèn sa. Kèk fwa, jou ansenyan sa konn ap ka disponib pou chita pale avèk Kretyen sa konn deja trò ta pou sa Kretyen an te vle reyalize a. PEEB vle rezoud problèm sa pa mwayen sit entènèt la. Nan paj Etid Biblik la, n’ap jwenn tout kalite etid ak lòt enfòmasyon disponib 24/7 jou pou tout moun ki bezwen èd. Epi n’ap genyen aksè poze kesyon epi jwenn repons gratis tou.

San eksèpsyon ak san distenksyon:

PEEB p’ap anpeche pèsonn benefisye travay nou ap fè pou rezon tankou laj, koulè, sèks, oubyen nasyonalite. Gran nèg tankou malere ap jwi menm benefis, menm trètman, ak menm politès nan PEEB. Nou p’ap janm gade sou ran sosyal moun pou nou deside ki valè n’ap bay moun sa paske nan je Bondye, tout moun gen menm valè.

Loading

0