Kisa nou ye?
PEEB se yon projè ki sou pye pou fasilite yon fòmasyon akademik sou bib la an jeneral, avèk sou evanjelizasyon an patikilye, pou tout moun ki vle.
PEEB se yon sig ki soti nan non:
Projè Evanjelizasyon ak Etid Biblik
Non projè a ekri nan lang kreyòl Ayisyen an paske se lang ofisyèl nou epitou se lang Ayisyen yo pale depi yo fèt. PEEB soti nan peyi Ayiti. Ayisyen yo se premye moun ke PEEB te fikse je sou yo. Sa pa vle di poutan ke projè a limite tèt li a tèritwa ayisyèn nan sèlman. Non, pa ditou! PEEB pa gen fwontyè. Pa gen okenn lang oubyen tèritwa ke nou pwal evite. Pou nou klarifye vizyon projè a, an nou jis di:
si moun ap viv la, PEEB pwale la.
(selon Mak 16 : 15)
PEEB pa gen enstitisyon paran. Kidonk, nou pa anba kontwòl okenn lòt òganizasyon oubyen lòt moun konsènan bagay n’ap pratike oubyen mesaj n’ap preche mond lan. Se sèl bib la, epitou tout bib la, ki bousòl nou. PEEB konplètman soumèt anba dirèksyon sèlman Sentèspwi Bondye a. Avèk èd yon staf Kretyen volontè ak devwe, nou konnen avèk asirans ke Bondye ap mennen nou kote nou dwe rive a. Glwa pou Bondye, amen!
Ou kapab tradwi sit sa nan lang ou konprann pi byen lè ou klike sou ti bwat rouj ki anba a.
0